REPIBLIK DOMINIKENN: 69 Ayisyen arete pou koupe pye bwa

03-15-2019 / Triboland
Repiblik Dominikenn – (Triboland) Otorite kap defann anvirònman nan repiblik dominiken nan arête 69 Ayisyen pou zafè koupe pye bwa.
Selon rapò Sèvis Nasyonal Proteksyon Envirònman (SENPA), ayisyen sa yo jwenn arestasyon apwè ke moun te lonje dwàt jouda sou yo kòm malfektè kap koupe pye bwa nan Pak nasyonal Los Haitises, younn nan pak ki pi byen pwoteje nan peyi vwazen.

Arestasyon sa fèt nan kad yon operasyon ki te gen nan tèt li kolonèl Omar Gitte Mejia ansanm ak responsab SENPA yo yon manyè pou krabinen apepwè 12 fou chabon ak sezi 108 sak chabon pou voye an Ayiti. Antouka selon SENPA, nan 2 mwa ki sot pase yo, te deja genyen apepwè 90 sitwayen ayisyen ki te deja nan pwizon akoz vyolasyon lwa 64-00 ki baze sou pwoteksyon anvirònman ak resous natirèl.
Gitte Mejia ki tap aji sou lòd Ministè Defans ak Ministè Anvirònman ak Resous Natirèl, deklare operasyon yo ap rapouswiv sou tout tèritwa repiblik dominikenn nan. Antouka, ankèt yo revele ke se yon gwoup biznismann ayisyen ak dominiken kap finanse vye pwatik illegal sa yo pou fè milyon nan fè chabon pou voye vann an Ayiti.
Selon otorite yo, genyen apepwè 30, 000 sak chabon ki pwodwi chak mwa nan repiblik dominikenn pou yon moutan 2.5 milyon dola meriken.






