Florid: Prezidan Trump bay senk lidè nan Karaib la yon akèy ekstraòdinè

WEST PALM BEACH, Florida (Triboland) —Prezidan Etazini an, Donald Trump rankontre ayè Vandredi-a nan klub Mar-a-Lago, nan Florid, plizyè gwo lidè nan Karaib la tankou Jamaik, Bahamas, Ayiti, Repiblik Dominikènn ak Sint Lusi.
Antouka, akote pwen sou enfliyans estratejik peyi Lachinn nan rejyon karaib la, gwo kriz ekonomik kap bwase bil peyi Venezwela te priyorite nan ajanda rankont Prezidan Trump ak lidè Karaib, yon zònn ki pap pwèske anmezi avan pou fè fwon komen pou rejwenn Etazininan nan desizyon pou voye Prezidan Nicolas Maduro nan kanpe lwen.
Nan kad pou montre rekonesans li anvè peyi sa yo kite sipòte lòt peyi ki pa rekonèt gouvènman Maduro-a, Prezidan Trump bay lidè sa yo yon akèy ekstraòdinè. Anplis, li ankouraje yo pou yo kontinye pa pè pwan pozisyon anfavè tranzisyon demokratik la nan peyi Venezwela; ki pa lòt bagay se rekonèt lidè enterimè Karakas la, Juan Guaido.
Anpil obsèvatè kwè ke tout sink peyi sa yo eseye pozisyone yo estratejikman parapò a volonte Tonton Sam yon manyè pou jwenn benediksyon ak asistans. Si reyèlman ta genyen rekonpans pou onore pozisyon senk peyi sa yo kont Maduro; se sèten Ayiti se premye peyi ke yon moun ka atann ki pap benefisye yon bagay konkrè parapò a jan yo toujou trete-l. Anplis, Ayiti se sèl peyi pami yo ki poko reyèlman ap benyen nan magogo Fon Developman Ekonomik Lachinn nan. Se sèten, gen plis enterè pou bay plis atansyon a tout lòt kat peyi sa yo e pwoteje yo anba enfliyans ekspansyon Lachinn nan rejyon an.
Anfen, pami yo tout, Ayiti se younn nan peyi ki genyen pi gwo lyen istorik avèk Venezwela. Yon lyen ki mare zantray tou de pèp sa yo depi digdantan nan libere peyi ki tap fè fas kare ak esklavaj. Konsa, li fasil pou ou konpwann pou ki sa majorite popilasyon peyi Dayiti-a, malgre eta deplorab yo ap viv, yo pa sipòte pozisyon gouvènman Ayiti-a kont Prezidan Maduro. Yo rete kwè nan gratitid ou rekonesans! Konsa li klè pou yo, ke peyi Venezwela te toujou respekte yo avèk dinyite e avèk asistans ki konkrè (Fon Petwokaribe ki te kapab fasilite gwo developman enfwastrikti routyè, elektrik…) e toujou konpwann sa pèp sa reprezante e dimansyon mizè kwonik, konplwo ak advèsite ki toujou kenbe Ayiti nan gòj.
Antouka, Prezidan Trump reyèlman montre yon ak rekonesan anvè senk nasyon Karaib sa yo, ki jounnen jodi-a nan yon move pozisyon fas a peyi Venezwela ke yo toujou dwe gwo magogo lajan.






