Jamaik: Minis Edikasyon Ruel Reid demisyone akoz akizasyon zak kòripsyon

186
0
Share:

JAMAIK, Kenston_(Triboland) Minis Edikasyon Jamaik la, Ruel Reid bay demisyone-l ayè Mèkredi a apwè anpil presyon bò kote Premye Minis Andrew Holness.

Reid ki genyen men li tranpe nan divès alegasyon ak zak kòripsyon ki gen pou wè Ministè Edikasyon, Jenès ak Enfòmasyon; tankou kontra avèk yon ansyen Palmantè, yon konsiltan pou Caribbean Maritime University ak HEART Trust/NTA, konfyolo avèk yon sekirite rapwoche li, e answit ak yon latriye leve defon ilegal ak yon pakèt lòt enstitisyon pou peyi Jamaik aletranje, te santi li pat ka kenbe ankò.

Selon yon nòt ki soti nan ofis Premye Minis (OPM) nan, li klè pou tout moun konnen ke demisyon Mr. Reid la fèt sou demand chèf govènman an, Andrew Holness, ki pa opine sou alegasyon ak zak kòripsyon ki pandye sou minis la.

Sepandan, Premye Minis la ki tap pale devan Chanm Depite-a, te di li enpòtan pou tout peyi a rasire yok e govènman an mete yon seri dispozitif anplas pou pa pèmèt yo kesyone onbyen sispèk oken responsab.

Premye Minis Holness kontinye pou-l di, apwè yon konvèsasyon ke li te genyen avèk Reid Madi-a, li wè li te nesesè pou li ta demisyone pandan ke lòt enstans leta yo ap kontinye avèk envèstigasyon yo.

Share:

Leave a reply