Somali: Yon atak Al-Shabaab lakoz 5 moun mouri pami yo yon Depite Ministeryèl

SOMALI_Mogadisho (Triboland) Otorite Somali yo sekirize zònn yon atak ki lakoz yon vale de 5 moun ki ta mouri pami yo ou jwenn yon minis depite ki pwan nan yon zatrap group Al-Shabaab kote ke militant say o eklate sann e pousye plizyè batiman leta nan capital la, Mogadisho.
Omwens onz moun ta blese gravman grav lè yon malfwa ta tan yon pèlin explozyon pou sote plizyè batiman minister yo jodi Samdi-a nan yon atak ke gwoup islamist Al-Shabaab revendike.
Gen dwa genyen plis moun toujou ki blese ann dan batiman yo; men antouka, nou chape apapwè onz moun ki blese gravman grave, se sa directè sèvis ambilans Aamin nan ki nan Mogadisho deklare.
Fòs sekirite yo eseye chape plizyè enploye gouvènmantal e yo te menm arive voye ranfò ann dan batiman leta yo yon ti tan apwè explozyon yo. Pami minister kit e sible yo, ou jwenn minister travo piblik ak minister travay.
Sa pa gen lontan nan kòmansman mwa Mas la, omwen 20 kretyen vivant te jwenn lanmò yo nan yon atak nan Mogadisho kote ke gwoup jihadis Al-Shabaab tap twoke kònn yo ansanm ak avèk fòs sekirite yo pou plis pase 24 èd tan.
Credit photo: REUTERS/Feisal Omar






