Yon lòt pwèv ankò ki pwouve Ayiti pap dirije pou nou pa di Pòdpè.

160
0
Share:

Yon lòt pwèv ankò ki pwouve Ayiti pap dirije pou nou pa di Pòdpè. De jou an jou nou ap poze tèt nou kesyon eske reyèlman genyen yon ti kras moun ki konnen yo toujou egziste nan Pòdpè. Kote pitit zantray moun tankou Amori Francois, Jerome Mazar, Jean Kalim, Carlo Elizee, Savari Antoine, Max Bourvier, Loubert Regnier, Heribert Leandre, Emmanuel Auguste, Armand Saintil, Lherisson Alexis….ak anpil lòt moun kit e konn fè onè vil sa-a; epitou, ki pa tap janm pèmèt ninpòt vwayou arive yon bagay nan vil sa-a.

Li difisil pou moun konpwan se sou pouvwa Jovenel Moise la ke vil Pòdpè resevwa plis desepsyon ak repinyans. Jan nenpòt timoun ka obsève li; se yon vil ki livre a li menm e dejou an jou lap fè fas ak yon karans de moun ki pè denonse inpidisite, malvèsasyon, raketè bwat leta, vòlè kòl nan kou, pouriti pèsonifyé, moun ki pa ta dwe reve okipe yon wòl menm nan yon katye. Li klè ke reyèlman rejim ak tout eli swadizan ki repwezante Nòdwès ak tout rejim anplas la pa menm fè prèv de konpetans pou ta vini ak yon plan pou jere fatra nan vil sa. Yo ap anpile richès sou do nòdwès, yap radote nan non Nòdwès e yo ap rich sou do Nòdwès san yo pa jennen ak fason rès peyi-a ap gade e trete yo.

Se nòmal retounen ak Josué Alusma, nan figi moun ankò, ba li sekirite pou vinn kontinye fè bandi legal, afiche medyokrite, e anbarase nou kòm vil, se lague yon lòt fwa ankò Pòdpè nan kanivo ki pi santi-a. Nòdwès toujou eli yon seri moun ki trè spesyal, men poutan ki pa onèt e ki alafwa malpwòp. Se yon seri moun ke yo vote nan afè pa bon e pi ki pa gen fakilte pou idantifye sa kibon e pwòp. Avèk benediksyon chimè grangou lidè sa yo pwan pye e pi mare sosis yo ak je pete klere ki vann dinyite yo nan sipòte  lidè kokorat, dwat long  ki pa menm konpwann atribisyon yo pa menm kòm yon senp sitwayen.

Pou dega nap fè ak lajan peyi-a, tout moun ka wè nou san pitye e Nòdwès pa nan ajanda nou; e fòtinn nap fè sou do chwal la pap janm ka arive nouri chwal la; men mezanmi, gen ti kal desans; fè yon jan pou moun ka wè nou gen yon ti kal lawont ki rete toujou. Ti minimum sa nou te kapab epanye Pòdpè ladan-l; nou pa ka ki te yon grenn senk ki deja pwouve ke li pa ka jere menm yon riyèl tankou Josue Alusma ap betizye ak yon vil konsa. San nou pa ka rakonte kantite egzasyon ak dlo li mete nan je malere nan Pòdpè.

Mwen pa ka imajine ke nòdwès bay anpil gwo tèt kap fwape lestomak nan kapital la poutan zònn yo reprezante-yo pi mal ke yon pak kochon. Yon depatman ap naje nan malsite, mizè, dlo santi, karans dlo potab, lopital, edikasyon, sèvis piblik, gouvènans ibènn, deveolpman ekonomik, kòripsyon, enjistis …….rete pandan lontan moun ap gade moun; pèsònn pa konnen si gen leta ou non; swadizan moun nou eli pou yo al fè fòtinn pa janm mande nou sa nou regle; jistis ap bay injistis tete; nèg ap ramase richès nan achte plizyè kay sou do malere ki fè malnitrisyon; fè gwo tranzaksyon ak lajan leta; achte bwàt leta yo kòm bisnis pèsonèl epi pwan tout moun Nòdwès kòm gaga nan simaye yon ti krase lajan pou fè malere goumen ak malere; pa menm ofri yon minimum nan yon depatman ki pa menm genyen yon faktori de 25-50 moun kap travay. Mesye, mesye, mesye! Se yon krim! Se yon krim ki ta dwe sevèman pini devan yon tribinal entènasyonal.

Jènn militant Nòdwès yo dwe chanje estrateji pou pèmèt depatman sa-a jwenn jistis ak reparasyon atravè yon petisyon ki kapab fasilite èd yon enstans entènasyonal legal sou dwa delòmm pou yon envèstigasyon entènasyonal sou tout deriv, malvèsasyon, dekèsman ilegal, abi popilè, abi otorite, krim kont limanite, abi sikolojik ak tout vye tranzaksyon otorite eli yo fè sou do Nòdwèsd epi redwi-l nan eta sa-a. Eli tankou ansyen ak nouvo: Prezidan, Senatè, Depite, Majistra, Delegue, Konmisè gouvènman, Jij ak anpil lòt sitwayen ki mete depatman an nan sa li ye la. Moun tankou, Jean Bertrand Aristide, Jovenel Moise, Rene Preval, Lucas Sainvil, Melius Hyppolite, Evalière Beauplan, Kedler Augustin, Onondieu Louis, Jean Mary Forestal ak anpil latriye lòt ki petèt kontribye nan soufwans popilasyon Nòdwès la.

Asèpt oubyen kosyone retou yon swadizan Majistra ki pat genyen yon bon repitasyon nan Naples, Florida, si nou tavle kwè dosye Federal Communication Commission File Number EB-02-TP-260; NAL/Acct.No. 200232700022; FRN No.0007495997. Li lè litan pou moun Nòdwès fwape pye yo atè e reveye yo pou se pa nenpòt ki moun ki pa menm kalifye vinn pwezante devan yo kòm Kandida raketè. Nou tout dwe sèmante devan BonDye ak devan limanite pou nou batay pou pa kite a jamè depatman sa-a tonbe anba men swadizan lidè medyòk raketè ki pa menm genyen yon minimònn pou inisye yon senp plan netwayaj pou yon senp katye kap benyen nan fatra. Ki sa makònn lidè sa yo itil depatman an lè wap gade volim atrosite ak mizè nwa kap fini ak moun nan Nòdwès. Josue Alusma jwenn sipò anpil lidè politik imoral, mechan, kriminèl ak machann jistis ki pa manifeste respè pou lavi moun nan depatman an.

Jacob Bendallahm

Share:

Leave a reply