Plizyè konpany kap apwovisyone petwòl an Ayiti prevwa ke yo ka fè yon kraze kite sa!

116
0
Share:
TRiboLAND

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Msye Ronald G. Décembre, Minis Ekonomi ak Finans lan resevwa yon lèt avètisman bò kote konpany petwòl yo ak tout manb Asosyasyon Pwofesyonèl Petwòl anndan peyi Dayiti, kote ke lèt sa fè eta de yon kraze kite sa an rezon asyèt bidjè yo ki afèkte akoz de aryere tax yo pa kapab arive peye Trezò piblik-la, dapw sa yon responsab konpany sa yo ta konfime Vandrdi 31 Me-a.

“Nan yon lèt papye tinbwe ke nou te soumèt-ou e ki te date 15 Me 2019”, nou te vle pou yon lòt fwa ankò atire atansyon ou sou sityasyon finansyè malouk endistri nou-an ap travèse, e lap vinn pi dejenere pwèske chak jou akoz ogmantasyon pri petwòl-la sou mache entènasyonal-la ak pataswèl ke goud-la ap pran ki bay anpil kè sere.

Konsa, dezòmè konpany sinyatè petwòl ki pase paraf anba lèt sa nou te voye-a e ke nou poko janm jwenn repons, oblije fè-w konnen nou pap kapab apwovisyone Ayiti ak kabiran ankò.

Share:

Leave a reply