Sen Domeng: Yon ti avyon ki fèt pou kontwole chan plantasyon tonbe e touye yon pilòt maten an

Sen Domeng (TRiboLAND) Yon avyon HI979 ki espesyalize pou simen semans sou chan plantasyon arive touche yon gwo fil elektrik ot tansyon ki lakoz aparèy la kraze maten Lindi 5 Dawou-a e touye pilot la ki se, Octavio Carlo Jr.
Avyon sa ki se pwopweyete yon konpayi ki rele Fumigaciones Aéreas del Caribe (FUMCA), e ki espesyalize nan e eradike vèminn oubyen vye pichon kap ravaje plantasyon jaden.
Enstiti Avyason Civil Dominiken pou Envestigasyon, IDAC pat pwan tan pou ran sou plas pou pwosede ak demach envestigasyon aksidan an ki fèt patikilyèman nan zònn Nòdis, toupwè San Francisco de Macoris.
credit photo: dominicanatoday






