Pòdpè: Selebwasyon òdinasyon 4 dyak nan Katedral Imakile Konsepsyon

Pòdpè___(TRiboLAND) Gwo selebwasyon òdinasyon pwesbiteral kat potorik Dyak fèt nan Katedral Imakile Konsepsyon an nan Pòdpè jodi 10 Oktòb 2019 la nan maten.
Anba pwesdans Monsènyè Pierre Antoine Paulo ak animasyon koral “Echo des Anges”, Dyak Claircius, David, Gasny ak Guenson resevwa lòd sakre bò kote Gran Oryan Kotolik Apostolik Womènn yo pou fè pati gran famiy Granmèt la ki anwo nan syèl la ansanm ak Pitit la e Lespwi Sen an.
Malgre kontrent sosyo-politik, plizyè patizan, manm fanmiy melanje ak diferan antite relijyez te ankonble Katedral la pou pote sipò yo bay dyak sayo ki tap resevwa lòd sakre ke Mèt legliz Jezi Kri-a òdone yo. Konsa, Monsenyè Polo ki te fè yon ramasaj sou sinifikasyon ankajman sa ak tout sa li genyen ladan-l kap tann nouvo pwèt yo kòm defi, li pat manke remete an kessyon detèminasyon ak pakou jènn pwedikatè sa yo ki gen pou misyon bay Jezi Kri a plis jarèt.

Dyak sa yo nan moman selebwasyon an te abiye an wòb blan ak yon bandoulyè vèt te oblije kouche fas atè kòm yon siy imilyasyon nan moman pou resevwa konsekrasyon Gran Konmisyon pouvwa Papa-a bay la.
Pami nouvo pwèt yo ou jwenn: Claircius Dorvilus ki soti Wo Palmis Latòti, David ki soti Petit Rivyè ak Bèdehènn, Gasny Lafortune ki soti Mar Wouj: Mòl Sen Nikola, ak Guenson Exalien ki se yon natif natal Pòdpè.
Ychmuth Corneille, TRiboLAND






